Télé Pacific” : Deba inivèsitè chak Samdi! Yon ti rapò…

Rapò sou gran deba inivèsitè yo, samdi 18 mas 2017 la.
Yon gran mèsi ak tout etidyan epi inivèsitè ki te prezan nan pi gwo “show radio/télédiffusée” sa a, ki fèt an dirèk sou radyo/tele Pacific ak radyo/tele Solèy, chak samdi soti 9 è nan maten pou midi.
👇🏾👇🏾👇🏾👇🏾👇🏾👇🏾👇🏾👇🏾
Jan sa te anonse, deba yo te koumanse a 9 è nan maten. Tout envite yo te reponn prezan.
Jan sa toujou fèt, nan kad emisyon an, zanmi nou Jean Fouchard DANGER (Jounalis radio/tele Pacific), te plase mo byenvini yo epi fè yon brèf rale sou gran pwen ki te domine aktyalite a pandan semenn nan.




Touswit aprè, Politologue Michelet DEZULME (Kòdonatè Jenaral Pastoral Inivèsitè Achidyosèz Pòtoprens la) epi Koanimate emisyon an avèk Rev Père Frantzy Petit-Homme (Direktè Pastoral Inivèsitè Achidyosèz Pòtoprens la), ta pral plase emisyon an nan kontèks li pa rapò ak tematik la, li tou montre byen fonde emisyon an, ki se; fè deba sou yon ansanm tematik kap domine aktyalite a sou plan sosyal, ekonomik politik elatriye… nan sousi pou eklere lantèn ak devlope mas kritik popilasyon an. Li te pwofite moman an pou li te salye dinamis Reveran an ki pat prezan ak tout sipòtè enkondisyonèl emisyon yo, ki pèmèt yon gran emisyon konsa fèt nan enterè pèp ayisyen an.
Li te montre asistans lan byen fonde tèm nan «Politik Piblik yon gouvènman nan jan vòt yo kondisyone.»
Li te raple atik 137 Konstitisyon 1987 amande ki relate kòm Prezidan Repiblik la dwe chwazi Premye Minis li. Li te raple atik 158 la tou, ki nan lespri li relate kòman rès pwosesis la ye, sitou sou sa ki gen pou wè ak Politik Jeneral yon PM.
Apre sa, animatè emisyon-an (Politologue Michelet DEZULME) ta pral fè apèl ak Jounalis/Istoryen Jean ELIE (Responsab Komisyon Entèlektyèl Pastoral Inivèsitè-a), pou ribrik TI KOZE SOU LISTWA-a. Yon ribrik ki ta pral jwenn atansyon tout oditwa depi nan kòmansman an lè li ta pral fè konnen Konstitisyon 1987 la gentan akouche 21 minis nome ou ratifye ak 6 minis ki pat rive jwenn benediksyon palman an. Li ta pral kontinye pataje bonjan enfòmasyon toujou, sitou lè Jounalis/Istoryen Elie Jean t ap eklere lantèn oditwa a sou istwa pòs Premye Minis la nan peyi-a, tankou ki sitwayen ayisyen ki te:
– Premye ak dènye PM (Matial Lavaud Celestin, fev 1988 – Enex Jean-Charles, mas 2016);
– pi jèn ak granmou ki te rive PM (Lorent Salvador Lamoth, 40 lane – Martial Lavaud Celestin, 75 lanne);
– ki fè pi piti ak plis tan kòm PM (Florence Guillaume Duperval, yon mwa – Laurent Salvador Lamothe, 2 lanne 7 mwa).
Tousuit moderatè-a, ta pral raple asistans lan konpozisyon panèl la, ki te gen 3 Pwofesè, ki ta pral gen pou abòde diferan aspè nan tèm nan.
– Pwòf Arnaud VENANT ta pral fè premye entèvansyon an sou 2 aspè sa yo:Politik Jeneral PM Nome a pa rapò ak kesyon inigrasyon an epi ransfòsman estriktirèl politik la.
– Pwof Rodner  Jean ORISMA ta pral entèvni an dezyèm sou kesyon Agrikilti ak ibanizasyon.
– Pwof Claude Péan, li menm, ta pral fè dènye entèvansyon an sou rapò enstitisyonèl ant primati ak prezidans
la, konfli angajman.
Moderatè Michelet DEZULME, ta pral akòde lapawòl pandan 15 minit ak chak panelis yo, ki repati konsa 2 minit pou prezante yo, 13 minit pou entèvansyon yo. Fòk nou di, chak Pwofesè sa yo ta pral chame piblik la ak yon seri entèvansyon enkwayab.
Yon senp rezime ap pèmèt nou gen yon ide sou kijan sa te ye.




1- Pwofesè VENANT, li menm, te entèvni an premye. Li te gade 2 aspè nan tèm nan.
a) Politik Jeneral PM ki nome a pa rapò ak kesyon migrasyon an.
Kote sou pwen sa, li ta pral fè asistans lan wè plizyè vid ki genyen nan Politik Jeneral PM nome a, tankou:
– Pil ayisyen kap kouri kite peyi-a, kote pifò ladan yo se Jenn fi ak jenn gason paran yo fin redi bouske mouche lavi pou fè edikasyon yo. Pou pwoblèm lamanjay, bije kite peyi-a pou al bouske lavi nan peyi lòtbò dlo (Chili, Brezil, kay tonton Sam elatriye).
– Ak li te gade tou pwoblèm depòtasyon tankou bèt, toupatou, pa pil, pa pakèk sitwayen ayisyen yo nan mond lan. Li te pwofite fè apèl ak konsyans otorite ki nan Leta yo, ki fèmen je yo sou sitiyasyon trajik sa-a polisyon an ap fè fas.
* Politik Jeneral PM nome briye pa absans Politik Migratwa.
Pèsonn (Palmantè yo) pa di anyen sou sa.
b) Politik Jeneral PM nome a pa rapò ak ranfòsnan estrikti politik yo.
Li te kritike movèz òganizasyon estrikti politik yo ak sektè prive a (3 gwo pouvwa Leta, administrasyon piblik la, sektè prive elatriye…) sou tou fòm.
 2- Pwofesè Orisma, li menm te kritike otorite yo souvan fèmen je yo sou kondisyon pwovrete ak malsite popilasyon an ap fè fas, malgre yo konsyan fèb nivo PIB peyi-a «PIB a pase de 2.7 % a 1.0 % ant lane 2013 a 2017».
Li menm soulinye se pa yon pwoblèm konpetans entèlektyèl ki genyen nan peyi-a. Men pito, se kòman pou nou pa rete nan teyori sèlman, pou nou marye teyori ak pratik la.
Li te menm pwopoze plan Maslow a ki se youn nan altènatif yo pou wete nan sitiyasyon mizerab sa-a.
Plan Maslow a di: «pèmèt moun jwenn aksè pou manje se yon minimòm». Men pou sa fèt, responsab nan Leta yo dwe dabò ogmante pwodiksyon agrikòl yo. Pou li te mete fen ak entèvansyon li-a, li te raple nesesite ak abligasyon Leta ayisyen pou pwoteje sitwayen li yo « Fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon, laswenyay, lamanjay ak kay pou rete kòm minimòm.
3- Pwofesè Péan, nan entèvansyon pa ‘l la te gade ki redevans yon Prezidan genyen pou yon popilasyon ki te gratifye l’ yon vòt pa rapò ak pwogram kanpay li, Vizyon politik li elatriye…
Li te gade tou, redevans PM lan genyen pa rapò ak tout yon ansanm pwomès li fè palmatè yo (pa bliye avni PM nan, nan pouvwa depann palmantè yo).
Parantèz sa yo, te pouse li poze kesyon sa yo, tankou:
– Kilès ant Prezidan an ak PM lan, k ap gen pou aplike politik jeneral la?
– Kilès popilasyon an te vote?
– Kilès palmantè yo te bay vòt konfyans la?
Nou pa ta bezwen li nan lèt fen pou nou ta konprann nan ki nivo deba sa yo te rive epi ak ki dimansyon akademik panelis yo te abòde tèm nan.
Swaf Prezidan genyen pou satisfè popilasyon an, melanje ak swa PM nan genyen pou satisfè palmantè yo, pou li ka rete nan pòs li. Kad figi sa a, souvan mennen nou tou dwat nan yon konfli angajman ant Primati ak Prezidans lan.
Apre entèvansyon Pwofesè Pean an, se ta pral moman poz emisyon an. Telespektatè, ki tap suiv deba an dirèk te ka li tristès, fristrasyon, enkyetid ak anvi pou poze kesyon nan sousi pou denonse deriv sa yo nan vizaj asistans lan (Etidyan).
Men, apre poz la, etidyan yo pat ka tann pou reyaji. Men fòma gran «Show» sa a, vle apre chak poz, se toujou yon Diskitan ki toujou reyaji pandan 3 minit sou entèvansyon panelis yo.
Se konsa, nou ta pral gen etidyan nan sosyoloji Delson Cius ( Jèn Senatè Nòdès nan Palman Jenès), li ta pral chame asistans lan ak yon pozisyon kritik li ki te vrèman pouse, sou sentèvansyon panelis yo. Pou li, ki te gen plis bon kote ke move. Kote li pral fè yon bèl remak sou entèvansyon Pwofesè Venant an ki, nan ranfòsman estrikti politik yo, pat mete aksan sou «Pati Politik yo» kòm estrikti ki pa sispann ranpli 3 pi gwo pouvwa Leta yo yon seri kad enkonpetan, ki vin mete Leta sou branka pou koulye a. Li te tou pwofite felisite Pwofesè Péan pou fason li te abòde kesyon an, li panse ki enpòtan anpil anpil.
Tou swit apre, Evens Noël reglemantè Show a ta pral fè tranble asistans lan nan mannyè li ta pral itilize poze kesyon li yo.
Li ta pral montre kèk vis ki genyen nan pwosesis la. Tankou si yon PM nome avan li prezante Politik Jeneral li, sa ta vle di enplisitman PM sa tou nan sistèm nan. Si Politik Jeneral PM nan pa ta jwenn yon vòt konfyans nan youn nan chanm yo, tankou jan atik 158 la di-a, PM nan tou tonbe. Men kòm li te deja nome, ki estati li (si n ap konsidere frè yo toujou akòde ak ansyen minis yo)?
– Tout fwa, ta gen vid ak mank nan Politik Jeneral epi/ou pwosesis ratifikasyon yon PM li ta rive pase, nan ka sa, ki enpòtans yon Politik Jeneral genyen?
– Kòman nou konprann yon Palmantè ki gen yon pouvwa pou li kontwole, ap bay minis. Ki kote nou prale ak peyi-a?
Li fini pou li di, fòk nou ta fè yon fason pou nou mete yon fren ak deriv sa, pou nou ta manyen konstitisyon an, paske gen twò gwo rapò ki vin devlope ant palmantè yo ak enstitisyon yo. Sa lakoz peyi-a parèt lèd anba je tout moun.
Istoryen/Jounalis Elie Jean ta pral fè yon twazyèm entèvansyon pou montre nan lespri atik 158 la ki di, si Politik Jeneral yon Premye Minis pa ta rive jwenn vòt konfyans youn nan chanm yo nan palman an, ki di; pwosesis la rekòmanse. Pou Jounalis/Istoryen an, pwosesis la ap rekòmanse a pa twò klè, li flou. Donk, pa gen pèsonn ki ka esplike sou sa.




Dènye entèvansyon an ta pral vini nan asistans lan, kote yon etidyan ta pral felisite kòdonatè DEZULME pou jan li t ap mennen deba-a. Apre sa, li ta pral pale sou eksperyans li fè kòm yon jèn. Li te tou pwofite adrese yon kesyon ak Pwofesè Venant.
Ki ta pral bay yon repons teknik ak kesyon etidyan an.
Se la Moderatè “show radio/télédiffusé” a, Politologue Michelet DEZULME, Kòdonatè Jeneral Pastoral Inivèsitè a, ta pral raple oditwa-a tout tèm nan ak tout sa ki te di. Apre sa, li te remesye panelis yo ak etidyan yo, pou nivo entenvansyon yo ak disponibilite yo.
Pou l’ fini, jan sa te kòmanse, li te rele Jean Fouchard Danger (Jounalis radio/télé Pacific) pou dènye mo yo.
Politologue Michelet DEZULME, Kòdonatè Jeneral Pastoral Inivèsitè
Tel: +(509) 3658 55 04 / 4366 1058
___________________________
NB: Pa bliye emisyon sa-a te rive posib, gras ak sipò Pastoral Inivèsitè-a, Radyo/Tele Pacific, Radyo/Tele Solèy, Loute Sauveur Pwodiksyon.
👉🏾 Siw ta vle gade emisyon an telechaje aplikasyon Tele Pacifik la oswa al sou paj Radio/Tele Pacific tape
👉🏾 Tab Pacific sou Facebook

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *