“Iminite Palmantè” : Kisa sa vle di?

(haitireyel.com).-

Listwa palmantè remoute nan tan lontan. Depi XIIIè syèk yon estrikti ki te rele Gran Konsèy te kreye avèk Magna Carta (1215) se li ki te jwe wòl paleman an. Estrikti sila te nan antouraj tradisyonèl Wa a nan Peyi Angletè. Youn nan pi gwo wòl Gran Konsèy la se te kolekte enpo oubyen Taks nan men popilasyon an pou zafè gouvènman an te ka pi byen mache. Mo paleman an menm te kòmanse parèt nan lane 1240 yo. Nan epòk sa yo, privilèj ki rele Iminite Palemantè a pot ko prèt pou l antre nan vokabilè rejim demokrasi a. Se ak revolisyon fransè a jouk nan XVIIIè syèk, mond politik la te vreman te kòmanse pale de privilèj sa.




Nan peyi pa nou Ayiti, youn nan tèks nòmatif ki garanti privilèj palemantè yo, se Konstitisyon 1987 la soti nan atik 114 pou rive nan atik 115. Daprè lespri atik sa yo, palman an konpoze ak 2 branch : chanm depite a ak Sena a. Tout depite ak tout senatè ki eli nan eleksyon dirèk kòmanse jwi iminite a depi jou li prete sèman pou fonksyon sa jouk manda li pran fen.
Kisa Iminite Palemantè a ye tout bon ?
Fòk nou di byen tou, konstitisyon ayisyèn nan pa defini a klè sa k iminite palemantè a. Men li bay tout karateristik ki mache avè l. Iminite palemantè a se yon privilèj ki pwoteje tout manb kò lejislatif la diran delè manda l la. Iminite a bay tout palmantè pwoteksyon nan 2 sans :
1- Li rann tout palemantè envyolab pandan dire manda li a. Envyolabilite a atache a kò palemantè a menm. Se yon bagay ki pèsonèl. Sa vle di pèsòn lòt moun pa ka jwi de li aprè li menm ki te prete sèman pou egzèse fonksyon an. Envyolabilite a fè yo pa ka pouswiv yon palmantè devan lajistis Peyi l pandan tout peryòd manda l la sof si yo ta kenbe l nan men pandan lap komèt yon zak malonèt (flagrans).

2- Li rann palemantè a iresponsab. Iresponsabilite sa a garanti tout palemantè libète ekspresyon ak tout desizyon yo te ka pran pandan peryòd manda yo a. Konsa tou, iresponsabilite a kouvri palemantè a kont kout pèsekisyon politik pandan e aprè manda l la. Lè n di aprè manda l la, se sèlman pou desizyon osnon pwopozisyon li te fè pandan li tap egzèse fonksyon sila.
Èske Iminite Palemantè a pa gen limit ?
Kontrèman ak sa anpil moun ta ka panse , Iminite palemantè a gen limit li. Nou kapab souliye 2 gran limit :
1- Limit legal, Konstitisyonèl : Konstitisyon ayisyèn nan pèmèt yo arete yon palemantè epi kondane l men gen kondisyon pou sa si yo rive pwouve li koupab. Men malgre sa, yo pa ka annik arete l men fòk yo swiv chemen lalwa trase ki pèmèt yo leve iminite a avan. Se nan sans sa a Atik 115 Konstitisyon 1987 la pale:
« Pandan tan sèvis yon senatè oubyen yon depite, se sèl ak pèmisyon Sena a oubyen lachanm depite, yo kapab arete l pou yon krim, pou yon fòt, oubyen pou yon kontravansyon ki sou kont jij tribinal dwa komen, lè se pa nan men, yo bare manm lachanm sa a, pou yon kòz ki mande yon pinisyon grav oubyen yon pinisyon pou l ta wont. Si sa rive pandan peryòd travay lachamn, yo mennen senatè a oubyen depite a devan Sena a ousinon lachanm depite a, san pèdi tan. Si se pa peryòd travay lachanm nan, y’a tann konmansman pwochenn peryòd travay lachanm nan oubyen pwochenn reyinyon espesyal li. »
2- Limit tèritoryal : Jwisans iminite palemantè a pa depase fwontyè peyi ki bay privilèj sa (Mirlande, M. (2004). Manuel de Droit constitutionnel, L’imprimeur II, Port-au-prince, p.153). Sa fè n konprann tou pou n pa konfonn iminite palemantè ak iminite diplomatik ki li menm depase fwontyè paske Dwa Entènasyonal la pèmèt sa (Conventions de Vienne de 1961).
Kisa Iminite a pèmèt yon Palemantè fè ?
Jan nou te dekri sa avan, iminite a pèmèt palemantè a egzèse fonksyon l san kè sote pou pèsikisyon ak machinasyon politik ki ta kondwi arestasyon l pandan osnon aprè egzèsis manda l la. Iminite Palemantè se yon bagay ki pèsonèl, li vo kichòy sèlman pou palmantè a men pa pou moun ki nan antouraj li tankou : madanm, pitit, papa, manman, frè ak sè alevwa pou bizawèl ak tatawèl li yo.
Nan sans sa, ni yon senatè ni yon depite pa gen dwa oze l koze okenn zak malonèt sou pretèks li konnen pa gen pèsòn ki ka pini l paske li gen iminite. Yon palemantè pa jij li paka fè arete osnon libere yon endividi pou kèlkeswa sa yo ta repwoche l. Se nan menm optik sa tou, yon sitwayen pata bezwen ap rele yon palemantè pou mande sekou paske yo ta fè li yon abi. Paske palemantè a pa reprezante Lajistis, se sèl lajistis ki plase pou l rann jistis ak tout moun ki sibi lenjistis.

Yon ti bout refleksyon sou Iminite Palemantè a
Depi Lèzòm te fin renonse ak libète natirèl la pou yo te kreye Leta, nan optik pou yo chèche sekirite pou tèt yo ak sa yo posede (Jean-Jacques Rousseau (1762), Du contrat social ou Principes du droit politique, p.19), gen yon bann bagay nou vin konfonn, nou bouye ladan yo. Bagay sa yo vin fè n gen vye konsepsyon, mantalite n kokobe. Nan mitan tout bagay sa yo, Iminite Palemantè se youn.




Boutanfen, tout sa nou sot dekri la yo se yon mwayen pou tout sitwayen ,san wete, san mete ta mache sou prensip nou tabli malgre nou ta gen privilèj. Pa gen privilèj san limit. Konsa tou, pèsòn palemantè pa ta dwe refize aksepte pou leve iminite yon konfrè’l ki ta komèt yon zak malonèt sou pretèks demen li ka bezwen vòt defavorab li tou pou yon kòz parèy. Sinon, Lajistis ap toujou rete yon ideyal, yon itopi (Ruyer Raymond 1950); se tipèp k’ap toujou anba, se ti pèp k’ap toujou soufri. Epi nou youn pap janm respekte lòt paske respè pa fè kado men se yon pataj pou chak grenn moun k ap viv nan espas la pataje. Iminite pa dwe detwi nan pyès palemantè jèm imilite men li dwe sèvi yon mwayen pou fè nou viv youn ak lòt san enpinite.
Yvenson ACENÉ, jèn avize
Tel : 3646 4160
e-mail : graciay1@gmail.com

• Dokiman nou konsilte :
– Aisenstein, M. (2003). Des immunités. Revue française de psychosomatique, no 23, (1), 97-100. doi:10.3917/rfps.023.0097.
– Constitution du 29 mars 1987
– Jean-Jacques Rousseau (1762), Du contrat social ou Principes du droit politique, p.19
– Mirlande, M. (2004). Manuel de Droit constitutionnel, L’imprimeur II, Port-au-prince, p.153
– Ruyer Raymond. (1950)L’utopie et les utopies, Presses Universitaires de France, Paris. 1 vol. in-8% 293 p.
– VAN DER HULST, Marc. (2000) Le mandat parlementaire, Étude comparative mondiale, Union interparlementaire, Genève.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *